Estaf Lekòl Kominote Matènwa
Mwen dirije 2 lekòl deja. Kounye a m ap dirije yon lekòl nan Matènwa ki rele ” Lekòl Kominote Matènwa Pou Devlòpman.
Roseline Obel
Pwofesè
Kounye a mwen se yon anseyan, m ap travay nan Lekòl Kominote Matènwa Pou Devlòpman depi 2 ane. Mwen fè pati yon gwoup fanm yo rele” Fanm Kouraj” k ap travay pou konbat vyolans fanm ak timoun ap sipòte an Ayiti.
Millienne Angervil
Pwofesè
![]()
M ap travay nan Lekòl Kominote Matènwa depi nan ane 1998. Objektif mwen kòm yon edikatè, se ede elèv mwen yo gen kapasite pou konbat ak elimine chomay, vyolans sou timoun ak granmoun ap sibi nan sosyete a.
Afelene Rosemond
Pwofesè
Mwen gen 6 ane depi m ap travay nan LKMPD ak timoun. Mwen nan yon gwoup ki rele “Fanm Kouraj” k ap travay sou dwa fanm, sitou nan domèn restavèk, nou vrèman trè sansib sou sa a.
Benaja Antoine
Pwofesè
![]()
Bi mwen kòm yon pwofesè se rive ede elèv mwen yo jwenn yon pi bon ledikasyon ki pratik, sa vle di ki marye ak reyalite lavi timoun yo e ki kapab ede yo vin yon vrè lidè nan kominote y ap viv la.
Enel Angervil
Pwofesè
Filozofi m se chanje sistèm edikasyon tradisyonèl la nan yon edikasyon pratik ki mare avèk lavi moun, konbat kont vyolans nan lavi tout moun. Rèv mwen se bay patisipasyon m nan tout sans pou chanje peyi d Ayiti nan nivo edikasyon entelektyèl ak espirityèl.
Robert Cajuste
Pwofesè
![]()
Mwen vle kolabore ak nenpòt moun, asosyasyon, Òganizasyon ki vle ede Granmoun li ak ekri. Mwen vle patisipe nan tout bagay ki ka pèmèt moun devlope
Vana Edmond
Pwofesè
Tande Vana chante:


Hi, I’m currently an intern at an NGO in Croix-des-Bouquets. I’m very interested in your education program – is there any way I can get more information?
Thanks,
Kelsey Swift
swiftlykels@gmail.com